Exodus 23:14-17

Haitian(i) 14 Twa fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen. 15 N'a fè fèt Pen san ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa Abib la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gen dwa parèt devan m' de men vid. 16 Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo. 17 Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a.