Psalms 91:5-10

Haitian(i) 5 Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. 6 Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi. 7 Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou. 8 W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite. 9 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, 10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.