Acts 25:1-3

Haitian(i) 1 Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, li ale lavil Jerizalèm. 2 Chèf prèt yo ansanm ak jwif ki te grannèg nan lavil la vin pote plent ba li pou Pòl. 3 Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la.