Luke 14:3-6

Haitian(i) 3 Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? 4 Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale. 5 Apre sa, li di yo: Si yonn nan nou gen yon pitit gason l' osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi yon jou repo, èske li p'ap wete l' menm lè a? 6 Yo pa t' kapab reponn li anyen sou sa.