Psalms 139:2-11

Haitian(i) 2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen. 3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè. 4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di. 5 Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou. 6 Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo. 7 Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou? 8 Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou. 9 Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè, 10 l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'. 11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.