Numbers 1:20-46

Haitian(i) 20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 21 Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan. 22 Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an, 23 yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason. 24 Pou branch fanmi Gad la, 25 yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason. 26 Pou branch fanmi Jida a, 27 yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason. 28 Pou branch fanmi Isaka a, 29 yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason. 30 Pou branch fanmi Zabilon an, 31 yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason. 32 Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, 33 yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason. 34 Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, 35 yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason. 36 Pou branch fanmi Benjamen an, 37 yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason. 38 Pou branch fanmi Dann lan, 39 yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason. 40 Pou branch fanmi Asè a, 41 yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason. 42 Pou branch fanmi Neftali a, 43 yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason. 44 Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la. 45 Pou tout branch fanmi yo ansanm, 46 yo jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.