Haitian(i)
1 Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.
2 Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann.
3 Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv.
4 Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.
5 Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
6 Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li.
7 Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo.
8 Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri.