Luke 15:22-32

Haitian(i) 22 Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. 23 Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje. 24 Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt. 25 Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap soti nan jaden, lè l' rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo. 26 Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen? 27 Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn msye an sante. 28 Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l' pou l' antre. 29 Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo. 30 Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t'ap angrese a. 31 Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m'; tout sa m' genyen se pou ou. 32 Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t' ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.