Ephesians 1:5-12

Haitian(i) 5 Bondye te deside depi davans pou l' te adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa te fè l' plezi. 6 Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! 7 Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. 8 Li ban nou favè l' an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans. 9 Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l', plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la. 10 Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la. 11 Bondye ap fè tout bagay rive jan l' te deside l' la ak jan l' te vle l' la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l' yo. 12 Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.