2 Kings 21:18-25

Haitian(i) 18 Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 19 Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l' te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba. 20 Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. 21 Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo. 22 Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Seyè a vle l' la. 23 Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a. 24 Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li. 25 Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.