1 Samuel 2:29-36

Haitian(i) 29 Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen? 30 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 31 Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun. 32 Lespri ou pral boulvèse lè w'a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pesonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun. 33 M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m' prèt. Men, l'ap pèdi de grenn je l' yo, epi lapenn ap fini avè l'. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon. 34 Lè w'a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m' te di a se vre. 35 Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fè tou sa m'a vle l' fè, tou sa mwen ta renmen wè l' fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a. 36 Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l' yon ti lajan ak yon ti manje, l'a lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l' ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l' manje.