Exodus 10 Cross References - Haitian

1 Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo. 2 Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a. 3 Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. 4 Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m' pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a. 5 Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo. 6 Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an. 7 Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini! 8 Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale? 9 Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a. 10 Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo. 11 Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l' fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li. 12 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite. 13 Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini. 14 Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò. 15 Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt. 16 Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou. 17 Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'! 18 Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a. 19 Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la. 20 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale. 21 Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo. 22 Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou. 23 Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a. 24 Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la. 25 Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an? 26 Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Seyè a. 27 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t' vle kite yo ale. 28 Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou. 29 Moyiz reponn li: -Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò.

Exodus 3:20

20 Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale.

Exodus 4:21

21 Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.

Exodus 7:4

4 Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.

Exodus 7:13-14

13 Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 14 Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale.

Exodus 9:16

16 Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.

Exodus 9:27

27 Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.

Exodus 9:34-35

34 Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loraj la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l' yo. 35 Nan fè tèt di sa a, li pa t' kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Seyè a te fè Moyiz al di l' la.

Exodus 14:17-18

17 M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. 18 Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Exodus 15:14-15

14 Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo. 15 Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.

Joshua 2:9-10

9 Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou. 10 Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.

Joshua 4:23-24

23 Paske Seyè a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyè Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmè Wouj la devan zansèt nou yo jouk yo tout te fin pase. 24 Se poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Seyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an.

1 Samuel 4:8

8 Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a.

Psalms 7:11

11 Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.

Romans 9:17

17 Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.

Exodus 7:17

17 Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.

Exodus 12:26-27

26 Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, 27 n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a.

Exodus 13:8-9

8 Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la. 9 Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.

Exodus 13:14

14 Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.

Deuteronomy 4:9

9 Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.

Deuteronomy 6:20-22

20 Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, 21 lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. 22 Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo.

Psalms 44:1

1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.

Psalms 58:11

11 Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo. Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.

Psalms 71:18

18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,

Psalms 78:5-6

5 Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a, 6 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'.

Ezekiel 20:26

26 Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 20:28

28 Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.

Joel 1:3

3 N'a rakonte pitit nou yo sa. Yo menm, y'a rakonte pitit pa yo sa. Lèfini, pitit yo menm va rakonte l' bay moun k'ap vin apre yo.

Ephesians 6:4

4 Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.

Exodus 9:17

17 Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.

Exodus 16:28

28 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Kilè n'a sispann dezobeyi lòd ak kòmandman mwen yo?

Numbers 14:27

27 -Kilè bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pèp Izrayèl yo ap pale m' mal.

1 Kings 18:21

21 Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.

1 Kings 21:29

29 -Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.

2 Chronicles 7:14

14 lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

2 Chronicles 33:12

12 Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.

2 Chronicles 33:19

19 Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.

2 Chronicles 34:27

27 Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.

Job 42:6

6 Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.

Proverbs 1:22

22 L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?

Proverbs 1:24

24 Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.

Proverbs 18:12

12 Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.

Isaiah 1:5

5 Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.

Isaiah 2:11

11 Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.

Jeremiah 13:10

10 Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.

Jeremiah 13:18

18 Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.

Ezekiel 5:6

6 Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a.

Romans 2:4

4 Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?

Hebrews 12:25

25 Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.

James 4:10

10 Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

1 Peter 5:6

6 Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.

Exodus 8:10

10 Farawon an reponn: -W'a fè sa denmen. Moyiz di li: -Sa va pase jan ou di l' la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Seyè a, Bondye nou an.

Exodus 8:23

23 m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a.

Exodus 9:5

5 Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a.

Exodus 9:18

18 Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a.

Exodus 11:4-5

4 Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo. 5 Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou.

Proverbs 30:27

27 Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann.

Joel 1:4-7

4 Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa. 5 Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò. 6 Yon lame krikèt atake peyi nou an. Yo gwonèg, moun pa ka konte yo. Dan yo tankou dan lyon, kwòk dan yo tankou dan femèl lyon. 7 Yo fini ak jaden rezen nou yo. Yo manje tout pye fig frans nou yo. Yo wete tout kòs pye fig frans yo voye jete atè. Branch pye rezen yo rete kanpe tou blan.

Joel 2:2-11

2 Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba. 3 Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo. 4 Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl. 5 Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen. 6 Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze. 7 Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch. 8 Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo. 9 Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò. 10 Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. 11 Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?

Joel 2:25

25 M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.

Revelation 9:3

3 Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon.

Exodus 9:32

32 Men ble ak pitimi pa t' gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo.

Joel 1:4

4 Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.

Exodus 8:3

3 Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat.

Exodus 8:21

21 Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a.

Exodus 9:24

24 Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi.

Exodus 10:11

11 Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l' fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li.

Exodus 10:14-15

14 Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò. 15 Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.

Exodus 11:6

6 Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò.

Exodus 11:8

8 Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.

Joel 2:2

2 Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.

Hebrews 11:27

27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.

Exodus 8:19

19 Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.

Exodus 23:33

33 Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.

Joshua 23:13

13 nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

1 Samuel 18:21

21 Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen.

Psalms 107:34

34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.

Proverbs 29:6

6 Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.

Ecclesiastes 7:26

26 Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.

Isaiah 14:20

20 Yo p'ap antere ou jan yo fè l' pou lòt wa yo, paske ou te fini ak peyi ou la, ou te touye pèp ou a. Yo p'ap janm chonje non fanmi lwijanboje sa yo!

Isaiah 51:9

9 Leve non, Seyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Seyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te fann Raab pak an pak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a?

Jeremiah 48:4

4 Yo kraze peyi Moab. Tout pitit li yo ap rele!

Jeremiah 51:8

8 Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.

Zephaniah 1:18

18 Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.

1 Corinthians 7:35

35 Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m' ap sèvi Seyè a san dezanpare.

Exodus 8:8

8 Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a.

Exodus 10:16

16 Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.

Exodus 10:24

24 Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.

Exodus 12:31

31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a.

Genesis 50:8

8 ansanm ak tout fanmi Jozèf yo, frè l' yo, ak tout fanmi papa l' yo. Men yo te kite tout timoun piti yo Gochenn ansanm ak bèt yo, mouton, kabrit ak bèf.

Exodus 3:18

18 Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an.

Exodus 5:1

1 Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.

Exodus 5:3

3 Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.

Exodus 8:25-28

25 Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l' isit la nan peyi a. 26 Moyiz reponn li: -Li p'ap bon pou nou fè l' konsa, paske moun peyi Lejip yo ka ofiske lè y'a wè ki kalite bèt nou touye pou ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou ofri bagay sa yo devan moun peyi Lejip yo, y'a ka touye nou ak kout ròch. 27 Se pou nou mache twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an. 28 Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.

Exodus 13:6

6 Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.

Numbers 29:12

12 Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.

Deuteronomy 31:12-13

12 N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'. 13 Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.

Joshua 24:15

15 Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

Psalms 148:12-13

12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun. 13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

Proverbs 3:9

9 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.

Ecclesiastes 12:1

1 Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn ankenn plezi nan lavi.

1 Corinthians 5:7-8

7 Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la. 8 Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.

Exodus 12:30-31

30 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò. 31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a.

Exodus 13:21

21 Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.

2 Chronicles 32:15

15 Se poutèt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwè l'! Pa gen bondye ankenn gouvènman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansèt mwen yo, ni anba men pa m'! Ale wè pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen!

Lamentations 3:37

37 Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.

Exodus 5:4

4 Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!

Exodus 10:28

28 Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou.

Psalms 52:3-4

3 Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje. 4 W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.

Psalms 119:69

69 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.

Exodus 7:19

19 Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.

Exodus 10:4-5

4 Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m' pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a. 5 Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo.

Genesis 41:6

6 Apre sa, sèt lòt grap vin parèt sou menm pye ble a. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo.

Exodus 14:21

21 Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.

Psalms 78:26

26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.

Psalms 105:34

34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.

Psalms 107:25-28

25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. 26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo. 27 Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. 28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

Psalms 148:8

8 dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,

Jonah 1:4

4 Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule.

Jonah 4:8

8 Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa!

Matthew 8:27

27 Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?

Exodus 10:5-6

5 Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo. 6 Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an.

Deuteronomy 28:42

42 Krikèt pral manje tout pyebwa nou yo ak tout ti plant ki nan jaden nou yo.

1 Kings 8:37

37 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,

Psalms 78:46

46 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo.

Psalms 105:34-35

34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite. 35 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.

Joel 1:2-4

2 Nou menm vye granmoun yo, koute byen! Nou menm ki rete nan peyi Jida a, louvri zòrèy nou! Eske nan tan pa nou, osinon nan tan zansèt nou yo bagay konsa te janm rive? 3 N'a rakonte pitit nou yo sa. Yo menm, y'a rakonte pitit pa yo sa. Lèfini, pitit yo menm va rakonte l' bay moun k'ap vin apre yo. 4 Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.

Joel 2:1-11

1 Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.

Revelation 9:3-7

3 Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon. 4 Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo. 5 Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo. 6 Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo. 7 Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun.

Exodus 10:5

5 Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo.

Numbers 21:7

7 Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.

Numbers 22:34

34 Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.

1 Samuel 15:24

24 Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.

1 Samuel 15:30

30 Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la.

1 Samuel 26:21

21 Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.

2 Samuel 19:20

20 Mwen konnen sa m' te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm.

Job 34:31-32

31 Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò. 32 Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.

Proverbs 28:13

13 Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.

Matthew 27:4

4 Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.

Exodus 9:28

28 Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.

1 Samuel 15:25

25 Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a.

1 Kings 13:6

6 wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.

2 Kings 4:40

40 Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: --Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje.

Isaiah 26:16

16 Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.

Acts 8:24

24 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.

Romans 15:30

30 Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.

2 Corinthians 1:10

10 Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,

Exodus 8:9

9 Lè sa a Moyiz di farawon an: -Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m' lapriyè Seyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m' kilè ou vle pou Seyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase.

Exodus 8:28-30

28 Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou. 29 Moyiz di l' konsa: -Kou m' soti isit la, mwen pral lapriyè Seyè a. Denmen mouchavè yo ap soti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Seyè a. 30 Moyiz soti lakay farawon an, l' al lapriyè Seyè a.

Matthew 5:44

44 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Luke 6:28

28 Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.

Exodus 13:18

18 Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame.

Exodus 15:4

4 Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.

Joel 2:20

20 Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.

Hebrews 11:29

29 Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.

Exodus 9:12

12 Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la.

Exodus 11:10

10 Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou.

Deuteronomy 2:30

30 Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.

Isaiah 6:9-10

9 Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive! 10 Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.

John 12:39-40

39 Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: 40 Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.

Romans 9:18

18 Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li.

2 Thessalonians 2:11-12

11 Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. 12 Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.

Exodus 9:22

22 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden.

Deuteronomy 28:29

29 Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.

Psalms 35:6

6 Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.

Psalms 78:49

49 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.

Psalms 105:28

28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.

Proverbs 4:19

19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.

Ecclesiastes 2:14

14 Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan.

Ecclesiastes 6:4

4 Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen.

Isaiah 8:21-22

21 Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y'ap dekouraje, y'ap grangou. Grangou pral fè yo move, y'a rive rele madichon pou wa yo a ansanm ak Bondye yo a. Y'a leve je yo gade nan syèl, 22 y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.

Matthew 27:45

45 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.

Mark 15:33

33 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.

Luke 23:44

44 Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.

2 Peter 2:4

4 Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.

2 Peter 2:17

17 Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.

Jude 1:6

6 Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.

Jude 1:13

13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.

Revelation 16:10-11

10 Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. 11 Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a.

Exodus 20:21

21 Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a.

Deuteronomy 4:11

11 N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.

Deuteronomy 5:22

22 Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.

Joel 2:31

31 Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.

Amos 4:13

13 Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.

Revelation 16:10

10 Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri.

Exodus 8:22

22 Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a.

Exodus 9:4

4 Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.

Exodus 9:26

26 Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete.

Exodus 14:20

20 Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.

Joshua 24:7

7 Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.

Isaiah 42:16

16 M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.

Isaiah 60:1-3

1 Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou. 2 Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou! 3 Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.

Isaiah 65:13-14

13 Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont. 14 Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.

Malachi 3:18

18 Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l'.

Colossians 1:13

13 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

1 Peter 2:9

9 Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Genesis 34:23

23 Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n' asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou.

Exodus 8:28

28 Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.

Exodus 10:8-10

8 Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale? 9 Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a. 10 Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo.

Exodus 29:1-46

1 Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo. 2 W'a pran bon farin frans, w'a fè kèk pen san ledven, kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa t' la. W'a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil. 3 Mete yo nan yon panyen. Ofri yo ban mwen nan panyen an ansanm ak ti towo a ak de belye mouton yo. 4 W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo. 5 Apre sa, w'a pran rad yo, w'a biye Arawon. W'a mete chemiz la, rad la, jile a ak plastwon an sou li. W'a mare sentiwon an nan ren li. 6 W'a mete mouchwa a nan tèt li. W'a mare plak ki make Apa pou Seyè a, sou mouchwa a. 7 Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen. 8 W'a fè pitit li yo pwoche, w'a mete chemiz yo sou yo. 9 W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye. 10 Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 11 W'a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a. 12 W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la. 13 Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la. 14 Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen. 15 W'a pran yonn nan belye mouton yo. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 16 W'a touye l', w'a pran san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la. 17 W'a dekoupe belye a an divès moso. W'a lave tonbe a ansanm ak pye yo. W'a mete yo anwo moso vyann yo ansanm ak tèt la. 18 W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 19 Apre sa, pran lòt belye mouton an. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 20 W'a touye l', w'a pran ti gout nan san li, w'a mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon ak sou tete zòrèy dwat pitit gason l' yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. W'a pran rès san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la. 21 Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt. 22 Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak tout grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la, paske se yon belye k'ap sèvi nan sèvis pou mete prèt yo apa a. 23 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, w'a pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil ak yon pen plat. 24 W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. 25 Lèfini, pran manje a nan men yo, boule l' sou lòtèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l' fè Seyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Seyè a ki fèt pou boule nèt nan dife. 26 Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa. 27 W'a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa a, w'a mete yo apa pou Seyè a. W'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap wete pou prèt yo. 28 Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a. 29 Lè Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y'a mete sou yo lè y'ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y'ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye. 30 Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Seyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l'a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a. 31 W'a pran belye mouton ki te sèvi nan sèvis pou mete apa a, w'a fè kwit vyann li yon kote ki apa pou Bondye. 32 Arawon ak pitit gason l' yo va manje vyann belye a ansanm ak pen ki nan panyen an. y'a rete bò pòt devan Tant Randevou a. 33 y'a manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t'ap mete yo apa, lè yo t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye. 34 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w'a boule l' nan dife. Piga pesonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye. 35 W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen. 36 Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye. 37 Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou. 38 Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye. 39 W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt. 40 Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a. 41 W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 42 Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l' tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Seyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m' pale ak yo. 43 Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen. 44 M'ap mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M'ap fè menm bagay la tou pou lòtèl la. M'ap mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. 45 M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo. 46 y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a, se mwen menm ki te fè yo soti kite peyi Lejip pou m' te kapab rete nan mitan yo. Se mwen ki Seyè a, Bondye yo a.

Exodus 36:1-38

1 Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la. 2 Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo. 3 Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo. 4 Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz. 5 Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a. 6 Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann. 7 Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la. 8 Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'. 9 Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè. 10 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo. 11 Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup. 12 Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de. 13 Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a. 14 Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a. 15 Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè. 16 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa. 17 Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la. 18 Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant. 19 Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a. 20 Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a. 21 Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè. 22 Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou. 23 Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la. 24 Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman. 25 Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a, 26 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman. 27 Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadreman 28 ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a. 29 Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo. 30 Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman. 31 Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a, 32 senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè. 33 Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la. 34 Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou. 35 Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'. 36 Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo. 37 Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'. 38 Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo.

Leviticus 9:22

22 Lè Arawon fin fè tout ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal, ofrann pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi, li leve men l' anwo pèp la, li beni yo epi li desann.

Leviticus 16:9

9 Arawon va touye bouk kabrit ki soti pou Seyè a, l'a ofri l' pou wete peche.

Exodus 12:32

32 Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen.

Isaiah 23:18

18 Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.

Isaiah 60:5-10

5 Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou. 6 Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou. 7 Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m' plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò. 8 Ki tout moun sa yo? Y'ap plane tankou yon nwaj nan syèl la, tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo? 9 Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a. 10 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.

Hosea 5:6

6 Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.

Zechariah 14:20

20 Lè jou sa a va rive, y'a make sou ti klòch ki nan lekipay chwal yo: Apa pou Seyè a! Batri koujen ki nan tanp Seyè a va tankou ti bòl ki devan lotèl yo: yo va apa nèt pou Seyè a.

Acts 2:44-45

44 Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. 45 Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun.

2 Corinthians 8:5

5 Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la.

Hebrews 11:8

8 Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te obeyi lè Bondye te rele l' la. Li pati pou peyi Bondye tapral ba li pou pòsyon eritaj pa li. Li leve, li kite peyi l' la, san l' pa t' konnen ki bò li taprale.

Exodus 10:1

1 Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.

Exodus 10:20

20 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.

Exodus 14:4

4 M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.

Exodus 14:8

8 Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.

Revelation 9:20

20 Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.

2 Chronicles 16:10

10 Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.

2 Chronicles 25:16

16 Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.

Amos 7:13

13 Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesaj ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a.

Exodus 11:4-8

4 Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo. 5 Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou. 6 Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò. 7 Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la. 8 Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.