Isaiah 60:1-3

Haitian(i) 1 Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou. 2 Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou! 3 Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.