Romans 11:26-31

Haitian(i) 26 Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap soti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen. 27 Men kontra m' pral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo. 28 Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo. 29 Sa Bondye fè kado, li bay li nèt; li p'ap chanje lide lè l' fin rele yon moun. 30 Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, koulye a nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li. 31 Konsa tou, koulye a jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo.