Numbers 7:84-88

Haitian(i) 84 Men ofrann tout chèf yo te pote pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a: douz bòl an ajan, douz plat an ajan, douz kiyè an lò. 85 Chak bòl an ajan te peze twa liv enka, chak plat an ajan te peze yon liv twaka. Sa te fè antou swasant liv ajan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. 86 Chak kiyè an lò pou lansan an te peze yon ka liv, dapre sistèm pèz yo sèvi nan kay Bondye a. Sa te fè antou pou douz kiyè yo twa liv lò. 87 Men kantite bèt yo te ofri antou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ki mache ak yo: douz towo, douz belye, douz ti mouton ki poko gen ennan. Yo te bay douz bouk tou pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal. 88 Men kantite bèt yo te ofri an total pou di Bondye mèsi: vennkat jenn ti towo, swasant belye, swasant bouk ak swasant ti mouton ki poko gen ennan. Se ofrann sa a yo te fè pou mete lotèl la apa nèt pou sèvis Seyè a, apre yo te fin vide lwil sou li.