Numbers 1:1-10

Haitian(i) 1 Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa: 2 -Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt. 3 N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize. 4 N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou. 5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou. 6 Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi. 7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab. 8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa. 9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon. 10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.