Haitian(i)
2 Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
3 Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.
4 Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa.
5 Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan.
6 Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
7 Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
8 Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.