Haitian(i)
6 Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.
7 Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'.
8 Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich.
9 Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.
10 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.
11 Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
12 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.
13 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.