Isaiah 20:3-6

Haitian(i) 3 Lanne yo te pran lavil Asdòd la, Seyè a di konsa: -Ezayi, sèvitè m' lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letiopi. 4 Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip. 5 Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje. 6 Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivaj peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Koulye a, kote n'ap bay tèt pou n' chape kò nou?