Genesis 35:23-26

Haitian(i) 23 Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. 24 Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen. 25 Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali. 26 Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè. Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami.