Exodus 36:8-37:9

Haitian(i) 8 Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'. 9 Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè. 10 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo. 11 Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup. 12 Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de. 13 Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a. 14 Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a. 15 Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè. 16 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa. 17 Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la. 18 Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant. 19 Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a. 20 Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a. 21 Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè. 22 Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou. 23 Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la. 24 Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman. 25 Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a, 26 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman. 27 Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadreman 28 ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a. 29 Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo. 30 Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman. 31 Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a, 32 senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè. 33 Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la. 34 Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou. 35 Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'. 36 Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo. 37 Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'. 38 Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo. 37 1 Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè. 2 Li kouvri l' nèt, andedan kou deyò, ak pi bon kalite lò ki genyen. Li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 3 Li fonn lò pou fè kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. 4 Li fè de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nèt ak lò. 5 Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bò bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle. 6 Li fè yon kouvèti an bon lò pou bwat la. Kouvèti a te mezire twa pye nèf pous longè ak de pye twa pous lajè. 7 Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a, 8 yonn sou bò gòch, lòt la sou bò dwat. Li fè yo tankou si yo te fè yon sèl pyès ak kouvèti a. 9 Zanj cheriben yo te gen zèl yo louvri anwo tèt yo pou kouvri kouvèti a. Yo te yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.