Daniel 8:20-25

Haitian(i) 20 Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k'ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès. 21 Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l' yo se te premye wa a. 22 Kat kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p'ap janm gen menm fòs la ankò. 23 Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun. 24 L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l' menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a. 25 L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen.