Daniel 8:20 Cross References - Haitian

20 Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k'ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès.

Daniel 8:3

3 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a.

Daniel 11:1-2

1 Mwen menm tou mwen te kanpe ak li pou ede l', pou soutni l' nan premye lanne rèy wa Dariyis la. 2 Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.