Ezekiel 12:4-12

Haitian(i) 4 Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap soti tankou moun y'ap depòte yo. 5 Antan y'ap gade ou, w'a fè yon twou nan miray la, w'a pase soti ladan l' ansanm ak pakèt ou a. 6 La, devan je yo, w'a mete pakèt la sou zepòl ou, w'a met deyò nan fènwa a. W'a bouche je ou pou ou pa wè kote ou prale. Sa ou pral fè a va sèvi yon siy pou avèti moun pèp Izrayèl yo. 7 Mwen fè tou sa Seyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l'. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m' nan miray la, mwen soti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m', mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m' ale. 8 Nan denmen maten, Seyè a pale avè m' ankò, li di m': 9 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo, move ras moun tèt di sa yo, va mande ou sa w'ap fè la a, 10 w'a di yo: Men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye ba yo. Mesaj sa a se va yon avètisman pou chèf lavil Jerizalèm lan ansanm ak pou tout moun pèp Izrayèl ki rete nan lavil la. 11 W'a di yo tou sa ou te fè a, se tankou yon avètisman pou sa ki pral rive yo. Yo pral fè yo prizonye, y'ap depòte yo. 12 Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'.