1 Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: --Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.
2 Kings 6:1 Cross References - Haitian
Joshua 17:14
14 Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.
Joshua 19:47
47 Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.
1 Samuel 19:20
20 Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
1 Kings 20:35
35 Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.
2 Kings 2:3
3 Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: --Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
2 Kings 4:1
1 Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: --Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
2 Kings 4:38
38 Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: --Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
Job 36:16
16 Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.
Isaiah 49:19-20
19 Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, koulye a li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l'. Paske moun ki t'ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.
20 Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.
Isaiah 54:2-3
2 Laji kote w'ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!
3 Ou pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas. Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo. Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo.