1 Chronicles Cross References - Haitian

1 Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòk, 2 Enòk te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd, 3 Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk, 4 Lemèk te papa Noe, Noe te papa Sèm, Kam ak Jafè. 5 Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. 6 Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama. 7 Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. 8 Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo. 9 Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan. 10 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè. 11 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo, 12 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti. 13 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo. 14 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo, 15 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo, 16 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo. 17 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo. 18 Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè. 19 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan. 20 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak, 21 Adoram, Ouzal, Dikla, 22 Ebal, Abimayèl, Seba, 23 Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye. 24 Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak, 25 Ebè, Pelèg, Reou, 26 Sewoug, Nakò, Terak 27 ak Abram ki te rele Abraram tou. 28 Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl. 29 Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam, 30 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema, 31 Jetou, Nafich ak Kedma. 32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan. 33 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye. 34 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl. 35 Men non pitit Ezaou yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore. 36 Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk. 37 Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza. 38 Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan. 39 Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna. 40 Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana. 41 Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran. 42 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran. 43 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba. 44 Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. 45 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. 46 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit. 47 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. 48 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. 49 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li. 50 Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l' te pitit fi Mezarab. 51 Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezaou yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt, 52 Olibama, Ela, Pinon, 53 Kenaz, Teman, Mibza, 54 Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa.

Genesis 4:25-5:32

25 Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. 26 Sèt, pou tèt pa l', vin gen yon pitit gason, li rele l' Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a.

Genesis 5:25-32

25 Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an). 28 Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason. 29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. 30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an). 32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Luke 3:38

38 Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.

Genesis 5:9

9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.

Genesis 5:12-20

12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. 13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an). 15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. 16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an). 18 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. 19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).

Luke 3:37

37 Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan.

Genesis 5:21-31

21 Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23 -24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. 25 Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an). 28 Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason. 29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. 30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).

Luke 3:36-37

36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk. 37 Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan.

Hebrews 11:5

5 Se paske Enòk te gen konfyans nan Bondye kifè li moute nan syèl la bò kot Bondye san li pa janm mouri; apre sa, pesonn pa janm wè kote l' ye ankò. Se Bondye menm ki te fè pran l' mennen l' bò kote li. Nou jwenn ekri nan Liv la ki jan Enòk te fè Bondye plezi lontan anvan Bondye te fè l' moute nan syèl la.

Jude 1:14

14 Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.

Genesis 5:32

32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Genesis 6:8-10

8 Men, Noe te fè Bondye plezi. 9 Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. 10 Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Genesis 7:1

1 Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.

Genesis 9:18

18 Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.

Genesis 9:29

29 Lè l' mouri, li te gen nèfsansenkantan (950 an).

Isaiah 54:9-10

9 Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò. 10 Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Ezekiel 14:14

14 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Matthew 24:37-38

37 Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. 38 Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.

Luke 3:36

36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk.

Luke 17:26

26 Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.

Hebrews 11:7

7 Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te fè l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankò kapab wè. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lòt moun yo. Men, Bondye te fè Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.

2 Peter 2:5

5 Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.

Genesis 10:1-5

1 Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè. 2 Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. 3 Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama. 4 Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. 5 Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.

Ezekiel 27:13

13 Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo.

Ezekiel 38:2-3

2 -Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a. 3 W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou.

Ezekiel 38:6

6 Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon.

Ezekiel 39:1

1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, m' pral leve dèyè ou tou.

Genesis 10:3

3 Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama.

Numbers 24:24

24 Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.

Psalms 72:10

10 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.

Isaiah 23:1

1 Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.

Isaiah 23:12

12 Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.

Isaiah 66:19

19 M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.

Jeremiah 2:10

10 Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.

Ezekiel 27:6

6 Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an.

Daniel 11:30

30 Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.

Genesis 10:6-7

6 Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. 7 Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan. 8 Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè. 9 Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd. 10 Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea. 11 Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak. 12 Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil.

Micah 5:6

6 Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fwontyè nou yo.

Genesis 10:13-18

13 Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou, 14 peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti. 15 Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et. 16 Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, 17 Evi, Aka, Seni, 18 Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.

Deuteronomy 2:23

23 Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.

Jeremiah 47:4

4 Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la.

Amos 9:7

7 Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir?

Genesis 9:22

22 Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.

Genesis 9:25-26

25 Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo. 26 Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.

Genesis 10:15-19

15 Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et. 16 Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, 17 Evi, Aka, Seni, 18 Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye. 19 Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.

Genesis 23:3

3 Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa:

Genesis 23:5

5 Moun Et yo reponn Abraram, yo di l' konsa:

Genesis 23:20

20 Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.

Genesis 27:46

46 Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!

Genesis 49:30-32

30 nan twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè. 31 Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya. 32 Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a.

Exodus 23:28

28 m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.

Joshua 9:1

1 Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo.

2 Samuel 11:6

6 David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David.

Genesis 15:21

21 moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.

Genesis 48:22

22 Se pa pou lòt moun nan frè ou yo, se pou ou m'ap kite moso tè Sichèm lan. Se pòsyon tè sa a mwen te pran nan men moun Amori yo anba gwo goumen.

Exodus 33:2

2 M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a.

Exodus 34:11

11 Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou.

Numbers 21:21-32

21 Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa: 22 -Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la. 23 Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo. 24 Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade. 25 Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinaj li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout. 26 Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon. 27 Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò! 28 Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an. 29 Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a. 30 Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba. 31 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a. 32 Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo.

Deuteronomy 7:1

1 Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Deuteronomy 20:17

17 Se pou nou touye tout moun sa yo: moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferèz yo, moun Ivi yo, moun Jebis vo. Se pou nou ofri yo bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te ban nou lòd la.

Joshua 3:10

10 Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.

Joshua 24:15

15 Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

Judges 1:21

21 Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

Judges 19:11

11 Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la.

2 Samuel 21:2

2 Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo.

2 Samuel 24:16

16 Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la.

2 Kings 21:11

11 --Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal.

Nehemiah 9:8

8 Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.

Amos 2:9

9 Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.

Zechariah 9:7

7 Yo p'ap manje vyann ak tout san li ladan l' ankò, ni ankenn lòt vye manje yo te konn manje yo. Tout moun ki va chape anba lanmò va fè pati pèp Bondye a. Y'ap tankou yon branch nan fanmi Jida a. Moun Ekwon yo va menm jan ak moun Jebis yo.

Exodus 3:8

8 Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Exodus 3:17

17 Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.

Exodus 13:5

5 Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a.

1 Kings 9:20

20 Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Numbers 34:8

8 Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.

1 Kings 8:65

65 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.

Genesis 10:22-32

22 Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram. 23 Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach. 24 Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè. 25 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan. 26 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak, 27 Adoram, Ouzal, Dikla, 28 Obal, Abimayèl, Seba, 29 Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye. 30 Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a. 31 Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. 32 tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.

Genesis 11:10

10 Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.

Genesis 14:1

1 Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo.

Numbers 23:7

7 Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.

Numbers 24:22-24

22 Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo. 23 Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa? 24 Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.

Ezra 4:2

2 Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.

Psalms 83:8

8 moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.

Isaiah 11:11

11 Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.

Isaiah 21:2

2 Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.

Isaiah 22:6

6 Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo.

Jeremiah 25:25

25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo ak tout wa Medi yo,

Ezekiel 27:10

10 Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a.

Ezekiel 27:23

23 Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou.

Ezekiel 32:22

22 Peyi Lasiri a la avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè.

Ezekiel 32:24

24 Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an.

Daniel 8:2

2 Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.

Hosea 14:3

3 Moun Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa.

Genesis 10:24

24 Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè.

Genesis 11:12-15

12 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 13 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 14 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 15 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

Genesis 10:21

21 Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo.

Genesis 10:25

25 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan.

Genesis 11:16-17

16 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 17 Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

Genesis 10:26-27

26 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak, 27 Adoram, Ouzal, Dikla, 28 Obal, Abimayèl, Seba,

Genesis 2:11

11 Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.

Genesis 10:29

29 Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.

Genesis 25:18

18 Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pa t' mele ak rès fanmi yo.

1 Samuel 15:7

7 Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.

1 Kings 9:28

28 Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.

1 Kings 10:11

11 Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.

1 Chronicles 29:4

4 sanmil (100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan,

Job 22:24

24 Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.

Psalms 45:9

9 Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.

Isaiah 13:12

12 Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi.

Genesis 11:10-26

10 Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. 11 Apre sa, li viv senksanzan (500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 12 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 13 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 14 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 15 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 16 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 17 Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 18 Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. 19 Apre sa, li viv desannevan (209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 20 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 21 Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. 22 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 23 Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25 Apre sa, li viv sandiznevan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.

Luke 3:34-36

34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò. 35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala. 36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk.

Luke 3:35

35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala.

Luke 3:34-35

34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò. 35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala.

Genesis 11:27-32

27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. 31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).

Genesis 17:5

5 Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.

Joshua 24:2

2 Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.

Nehemiah 9:7

7 Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.

Genesis 16:11-16

11 Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a. 12 Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li. 13 Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan. 14 Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan. 15 Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl. 16 Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.

Genesis 17:19-21

19 Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan. 20 Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon. 21 Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.

Genesis 21:2-5

2 Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la. 3 Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak. 4 Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la. 5 Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.

Genesis 21:9-10

9 Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa. 10 Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.

Genesis 21:12

12 Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.

Genesis 25:12-16

12 Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram. 13 Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam, 14 Michma, Douma, Masa, 15 Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma. 16 Se yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo.

Genesis 28:9

9 Li leve, li ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt.

Psalms 120:4

4 Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

Song of Songs 1:5

5 Medam lavil Jerizalèm, Po m' boule, men m' bèl! Po m' menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.

Isaiah 21:17

17 Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.

Isaiah 60:7

7 Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m' plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò.

Genesis 25:15

15 Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma.

Isaiah 21:11

11 Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?

Genesis 25:1-4

1 Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura. 2 Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. 3 Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo. 4 Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura.

Genesis 37:28

28 Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip.

Exodus 2:15-16

15 Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi. 16 Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè.

Numbers 22:4-7

4 Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab. 5 Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an. 6 Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m'. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt. 7 Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la.

Numbers 25:6

6 Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.

Numbers 31:2

2 -Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja.

Judges 6:1-6

1 Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan. 2 Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. 3 Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. 4 Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. 5 Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'. 6 Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou.

1 Kings 10:1

1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.

Job 6:19

19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.

Psalms 72:15

15 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.

Isaiah 21:13

13 Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!

Isaiah 60:6

6 Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.

Jeremiah 25:23

23 moun lavil Dedan, moun lavil Teman ak moun lavil Bouz, ansanm ak tout moun ki koupe cheve nan tèt yo kout,

Jeremiah 49:8

8 Nou menm moun lavil Dedan, vire do nou, kouri ale! Fè twou pou kache kò nou! Mwen pral fini ak moun Ezaou yo, paske lè pou m' regle ak yo a rive.

Ezekiel 25:13

13 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.

Ezekiel 27:20

20 Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo.

Genesis 21:2-3

2 Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la. 3 Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.

Genesis 25:24-28

24 Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa. 25 Premye ki te fèt la te tout wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l'. Se poutèt sa yo te rele l' Ezaou. 26 Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezaou nan talon pye l': se poutèt sa yo rele l' Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt. 27 Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay. 28 Izarak te pito Ezaou, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb.

Genesis 32:28

28 Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.

1 Chronicles 1:28

28 Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl.

Malachi 1:2-4

2 Seyè a di: Mwen renmen nou! Men, pèp la reponn: Ki jan ou renmen nou an? Men sa Seyè a reponn yo: Ezaou ak Jakòb, apa de frè yo ye. Mwen renmen Jakòb ak tout pitit pitit li yo. 3 Men, mwen rayi Ezaou ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezaou a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete. 4 Si moun peyi Edon yo di: Yo detwi lavil nou yo, men n'ap rebati yo, Seyè a menm ap reponn yo: Nou mèt rebati yo, m'ap toujou kraze yo. Moun pral rele yo: Peyi mechan yo, nasyon ki fè Seyè a ankòlè tout tan an.

Matthew 1:2

2 Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l' yo.

Luke 3:34

34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò.

Acts 7:8

8 Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.

Romans 9:10-13

10 Gen lòt pawòl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fè de pitit gason pou yon sèl papa, Izarak granpapa nou. 11 -(we vèsè pwochen) 12 Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a. 13 Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou.

Genesis 36:4-5

4 Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl, 5 Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran.

Genesis 36:9-10

9 Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a. 10 Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou. 11 Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz. 12 Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou. 13 Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou. 14 Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon. 15 Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz,

1 Chronicles 1:53

53 Kenaz, Teman, Mibza,

Jeremiah 49:7

7 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!

Jeremiah 49:20

20 Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.

Amos 1:12

12 Se poutèt sa, m'ap voye dife nan lavil Teman. L'a boule gwo kay lavil Bozra yo ra tè.

Obadiah 1:9

9 Sòlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen.

Habakkuk 3:3

3 Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè.

Genesis 36:20-30

20 Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, 21 Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon. 22 Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan. 23 Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam. 24 Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo. 25 Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi. 26 Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran. 27 Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan. 28 Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran. 29 Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, 30 Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi.

Genesis 36:22

22 Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan.

Deuteronomy 2:12

12 Konsa tou, nan tan lontan se orit yo ki te rete nan peyi Edon an. Men moun fanmi Ezaou yo te pran peyi a nan men yo, yo touye tout moun epi yo rete ladan l' nan plas moun yo, menm jan moun Izrayèl yo te fè pou peyi ki pou yo a, peyi Seyè a te ba yo a.)

Deuteronomy 2:22

22 Se menm bagay Seyè a te fè pou moun fanmi Ezaou yo ki rete nan peyi Seyi a. Li touye orit yo pou moun Ezaou yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.

Genesis 36:23-24

23 Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam. 24 Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo. 25 Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi. 26 Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran. 27 Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan. 28 Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran.

Lamentations 4:21

21 Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.

Genesis 36:31-43

31 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. 32 Bela, gason Beyò a, t'ap gouvènen peyi Edon. Yo te rele lavil kote li te rete a Denaba. 33 Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. 34 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. 35 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit. 36 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. 37 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. 38 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò a, ki te gouvènen nan plas li. 39 Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab. 40 Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt, 41 Olibama, Ela, Penon, 42 Kenaz, Teman, Mibza, 43 Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.

Genesis 49:10

10 Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.

Numbers 24:17-19

17 Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo. 18 Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. 19 Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.

Isaiah 34:6

6 Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.

Isaiah 63:1

1 Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.

Jeremiah 49:13

13 Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.

Micah 2:12

12 Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.

Genesis 36:11

11 Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz.

Job 2:11

11 Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.

Genesis 36:37

37 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.

Genesis 36:39

39 Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab. 40 Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt,

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.