Zephaniah 1:1-2

Haitian(i) 1 Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas. 2 Seyè a di konsa: -Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.