Romans 8:14-16

Haitian(i) 14 Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. 15 Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. 16 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.