Psalms 2:1-4

Haitian(i) 1 Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? 2 Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. 3 Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! 4 Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.