Psalms 149:2-4

Haitian(i) 2 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. 3 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li! 4 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.