Obadiah 1:17-21

Haitian(i) 17 Men, sou mòn Siyon an, kèk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nèt pou mwen. Moun fanmi Jakòb yo pral reprann tout peyi lènmi te wete nan men yo. 18 Moun fanmi Jakòb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozèf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nèt tankou dife nan zèb chèch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 19 Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo. 20 Nan moun yo te depòte yo, sòlda ki moun nan nò peyi Izrayèl la va pran peyi Kanaran an pou yo, rive lavil Sarepta. Men, moun lavil Jerizalèm yo te depòte nan peyi Sefara a va pran tout lavil Negèv yo pou yo. 21 Yo tout, y'a moute sou mòn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvènen tout mòn Ezaou a. Lè sa a, se Seyè a menm ki va sèl wa.