Numbers 5:16-22

Haitian(i) 16 Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Seyè a. 17 Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l' nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l' nan dlo a. 18 Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an. 19 Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou. 20 Men, si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou ou fè sèvis pou Bondye, paske ou te kouche ak yon gason ki pa mari ou, 21 se pou Seyè a fè tout moun pran non ou pou bay madichon. Se pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Se pou vant ou anfle. 22 Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò!