Numbers 5:12-13

Haitian(i) 12 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l' nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l', 13 si li kouche ak yon lòt gason san mari l' pa konn sa, si li te kache kò l' pandan li t'ap fè bagay ki mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pou pale kont li, ni yo pa t' kenbe l' nan men,