Numbers 12:2-7

Haitian(i) 2 Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a. 3 Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè. 4 Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre. 5 Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li. 6 Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'. 7 Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.