Nehemiah 3:17-32

Haitian(i) 17 Men moun Levi ki te ede rebati miray ranpa yo: Reyoum, pitit gason Bani a, te rebati pòsyon ki vin apre pa Neemi an. Achabya, chèf mwatye lavil Keyla a, rebati pòsyon ki vin apre a pou tout moun ki sou bò pa l' nan lavil la. 18 Bavayi, pitit gason Enadad, ki te chèf lòt mwatye lavil Keyla a, te rebati pòsyon ki vin apre a. 19 Ezè, pitit gason Jechwa a, chèf lavil Mispa, repare yon dezyèm lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, anfas kote pou moute lasnal la, nan direksyon kwen miray ranpa a. 20 Bawouk, pitit gason Zabayi a, te repare pòsyon ki vin apre a, depi kwen an rive devan pòt kay Elyachib, granprèt la. 21 Meremòt, pitit gason Ouri a, pitit pitit gason Akòz, te rebati pòsyon ki vin apre a, pran depi devan papòt kay Elyachib la rive jouk nan dènye bout kay la. 22 Men non prèt ki te ede nan rebati miray ranpa lavil Jerizalèm lan tou. Prèt ki rete nan tout zòn bò lavil la rebati pòsyon miray ki vin apre kay Elyachib la. 23 Benjamen ak Achoub te repare pòsyon miray ki devan lakay yo a, pòsyon ki vin apre a. Azarya, pitit gason Maseya a, pitit pitit gason Ananya a, te rebati pòsyon miray ki vin apre a, devan lakay li a. 24 Bennwi, pitit gason Enadad la, te repare yon lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, depi bò kay Azarya a rive jouk nan kwen an. 25 Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a, 26 moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.) 27 Moun lavil Tekoa yo te repare yon lòt pòsyon ankò nan miray la, pòsyon ki vin apre a, anfas gwo fò ki pwoteje tanp lan, rive toupre miray Ofèl la. 28 Yon gwoup prèt te rebati pòsyon ki vin apre a, nan direksyon nò. Chak moun te rebati pòsyon ki devan kay yo a. 29 Zadòk, pitit Imè a, te repare pòsyon ki vin apre a, anfas lakay li a. Chemaya, pitit Chekanya a, nonm ki te wachmann Pòtay Solèy leve a, te rebati pòsyon ki vin apre a. 30 Ananya, pitit Chelemaya a, ak Anoun, sizyèm gason Zalaf la, rebati pòsyon ki vin apre a. Se te dezyèm pòsyon yo te repare. Mechoulam, pitit gason Berekya a, rebati pòsyon ki te vin apre a, anfas lakay li a. 31 Malchiya, yon òfèv, te repare pòsyon ki vin apre a, jouk kote travayè tanp yo ak kòmèsan yo rete, anfas Pòtay Mifkad la ki bay sou tanp lan, toupre pyès chanm ki anwo kwen sou bò miray la. 32 Efèv yo ak kòmèsan yo te rebati pòsyon miray ki soti bò pyès chanm anwo kwen nò a rive Pòtay Mouton yo.