Micah 7:12

Haitian(i) 12 Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen soti toupatou vin jwenn nou. Y'a soti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a soti Lejip nan sid, y'a soti lòt bò larivyè Lefrat, y'a soti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.