Matthew 9:28-30

Haitian(i) 28 Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt. 29 Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la. 30 Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa.