Matthew 22:19-22

Haitian(i) 19 Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan. 20 Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? 21 Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. 22 Lè yo tande sa, yo pa t' manke sezi. Yo kite l', y al fè wout yo.