Mark 1:16-20

Haitian(i) 16 Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de pechè pwason, Simon ak Andre, frè li a. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. 17 Jezi di yo konsa: -vin jwenn mwen. m'a fè nou tounen pechè moun pito. 18 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li. 19 Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo. 20 Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvrye yo. Y' ale avèk Jezi.