Luke 22:39-41

Haitian(i) 39 Apre sa, Jezi soti, li al mòn Oliv la, jan l' te konn fè a. Disip yo swiv li. 40 Lè l' rive, li di yo: Lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon. 41 Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.