Leviticus 24:5-8

Haitian(i) 5 W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin. 6 W'a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Seyè a, sis pen nan chak ran. 7 Apre sa, w'a pran lansan bon kalite, w'a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w'a ofri nan dife bay Seyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri. 8 Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase.