Leviticus 14:51-53

Haitian(i) 51 Apre sa, l'a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou kay la. 52 Se konsa prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la, avèk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sèd la, ti branch izòp la, epi moso twal kamwazi a. 53 Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa andeyò lavil la. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l' ankò.