Leviticus 15

Haitian(i) 1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2 -Pale ak pèp Izrayèl la, di yo pou mwen: Lè yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 3 Kit ekoulman an ap koule, kit li bloke ti pati li, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 4 Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote moun malad la kouche ni ak bagay kote l' te chita. 5 Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 6 Konsa tou, tout moun ki chita sou bagay kote li te chita gen pou lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 7 Tout moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman gen pou yo lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 8 Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, moun sa a gen pou l' lave rad ki te sou li a, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 9 Si nonm malad la moute sou yon sèl chwal, moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pa ka sèvi avèk sèl la. 10 Tout moun ki manyen nenpòt bagay kote nonm lan te chita a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Tout moun ki va pran nenpòt bagay kote nonm lan te chita a pou yo pote l' ak men yo, yo gen pou lave rad sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 11 Si yon nonm ki gen ekoulman manyen yon moun san li pa lave men l' anvan, moun sa a gen pou lave rad ki sou li, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. 12 Depi nonm malad la manyen yon veso fèt an tè, se pou yo kraze veso a. Men, si veso a fèt an bwa, y'a lave l' nan gwo dlo. 13 Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 14 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. 15 Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lòt la pou yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an. 16 Lè yon nonm voye sou li, se pou li lave tout kò l' nan dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 17 Depi dechay la tonbe sou yon bagay fèt an twal osinon an po, se pou yo lave bagay sa yo, epi moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye p'ap ka sèvi ak bagay sa yo jouk aswè. 18 Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 19 Lè yon fanm gen règ li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Tout moun ki manyen l' pandan sèt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 20 Lè konsa, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li te sèvi pou l' chita. 21 Lè yon moun manyen kabann yon fanm konsa, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 22 Si yon moun manyen yon bagay fanm lan te sèvi pou l' chita, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. 23 Wi, depi se kabann fanm lan osinon yon bagay fanm lan sèvi pou l' chita yon moun manyen, moun sa a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. 24 Si yon nonm kouche ak yon fanm ki gen règ li epi li sal ak san, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Depi li kouche sou yon kabann, moun k'ap sèvi Bondye p'ap ka sèvi ak kabann sa a. 25 Si yon fanm gen règ li pandan plizyè jou lè li pa nan peryòd li, osinon si règ li kontinye koule kèk jou apre peryòd li pase, se va menm jan an tou. Li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan tout jou san an ap koule a, tankou lè l' gen règ li nòmal. 26 Lè sa a, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ni ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li sèvi pou l' chita. 27 Si yon moun manyen yonn nan bagay sa yo, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. 28 Lè san an va sispann koule, fanm lan va tann sèt jou. Se apre sa l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. 29 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. 30 Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, l'a ofri lòt la pou boule nèt pou Bondye. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou fanm lan, paske règ la te mete l' nan kondisyon li pa t' ka fè sèvis Bondye. 31 Seyè a di Moyiz ankò: -Pale moun Izrayèl yo byen. Lè yo pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, piga yo pwoche bò Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fè sa y'a mouri. 32 Men regleman pou yo swiv lè yon nonm pa ka fè sèvis Bondye paske li gen ekoulman osinon paske li voye sou li, 33 lè yon fanm gen règ li, osinon lè yon nonm kouche ak yon fanm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, wi pou tout moun, fanm kou gason, ki gen ekoulman.