Job 9:12-15

Haitian(i) 12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a? 13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li. 14 Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'? 15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.