Job 23:4-7

Haitian(i) 4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen. 5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. 6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. 7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.