Job 22:5-9

Haitian(i) 5 Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste. 6 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni. 7 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen. 8 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou. 9 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.