Job 18:11-21

Haitian(i) 11 Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'. 12 Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li. 13 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'. 14 Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò. 15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf. 16 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen. 17 p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a. 18 Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo. 19 Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'. 20 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini. 21 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.