Job 15:20-27

Haitian(i) 20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan. 21 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo. 22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo. 23 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo. 24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay. 25 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye. 26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye. 27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!