Exodus 37:17-24

Haitian(i) 17 Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li. 18 Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò. 19 Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo. 20 Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo. 21 Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 22 Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout. 23 Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen. 24 Li te pran swasannkenz liv bon lò pou fè lanp sèt branch lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak lanp sèt branch lan.