1 Chronicles 6:57-60

Haitian(i) 57 Men lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bèt yo, Libna ak tout savann pou bèt yo, Jati ak tout savann pou bèt yo, Estemoa ak tout savann pou bèt yo, 58 Ilenn ak tout savann pou bèt yo, Debi ak tout savann pou bèt yo, 59 Achan ak tout savann pou bèt yo, Bètchemèch ak tout savann pou bèt yo. 60 Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa.